Yon jou Dimanch, zanmi'w di'w nou pa'p fè anyen, ann'al nan yon ti zouk. Ou di li a wi, bon bagay, ann ale non, ou abiye'w byen fen, djin nou byen sere sou, soulye blan, sentiron blan, ti mayo manch sere, ou ssanti bon pase latrin Pòtoprens. Ou sitèlman bòzò,w'ap fè chèlbè, w'ap enpoze'w, ou pap danse ak nenpot ki fanm, se fanm ki pi chelèn nan, se li wap tcheke, poutan, anpil fanm nan klèb lan ap ba'w tchèk. Ou nan VIP w'ap koule bwason, tout moun anvi nan pozisyon ou.
Pandan'w chita w'ap byen fèl nan VIP ak 2 twa zanmi, Gen yon bèl ti dam ou wè, fo cheve'l si tèlman byen plake nan tèt li, se frekan yon moun ki ta pou di ke cheve'l pa pou li. Talon kikit li men otè nan pye'l, rad li menm byen plake sou li, men grosè bout mouda'l, djòl li pwès, sa byen wozle. Ou wè fanm sa chita nan ba ak kèk grenn zanmi fanm parèy li, men detanzantan, ou wè plizyè nèg k'al mande li danse, men li pa janm danse. Ou menm ki on bon jènnjan, gro flannè, ou di patnè'w yo, ou wè grenn fanm sa a, aswè a, m'ap kouri avèk li kan menm. Ou jis parèt devan bèl nègès la, ou di li 2 twa ti pawol, li souri, apre kèk ti koze, ou mande l pou on ti danse, li gade'w nan zye, epi li lonje'w men li, epi li ale danse avèk ou. Pandan w'ap byen danse, ou fè zanmi w yo jès, pou'w montre yo kouman ou se on bon jènjan.
Se men nan men w'ap mache pou al sou pis lan (dance floor) ak fanm nan. Gen nèg ki kanpe nan kwen epi y'ap gade'w k'ap danse, nèg ap gade fanm nan k'ap byen gouye anba senti'w, ou kage tèt ou anlè, w'ap souri, w'ap byen peze... Bèl gouyad fè kenken. Ou rive yon kote, mizik sansyèl la ap jwe, tout feelings ak sansasyon yo monte'w, w'ap tete lang, tèt fanm nan apiye sou zepol ou, w'ap pale bèl ti koze nan zorèy li, l'ap souri, w'ap souri. Se gason ou ye, nan gouye anba fanm sa, bagay la bande nan pantalon'w, bay la di, di. Men ou byen ploge, de zye'w fèmen, se kouran w'ap bay.
Ou rive nan yon moman, koulèv la mande defile, li vle soti kote li kache a, l'ap bay kout tèt, l'ap djige ti komè w'ap danse ak li a, men apre on bon ti moman, ou santi gen yon bagay k'ap djige'w tou. Lè'w gade manmzèl pi di pase'w, manmzèl bande. Ou rale kò'w sou li yon ti kras, lè'w gade ou wè yon bagay lonje devan manmzèl.
Men kesyon an. Se kisa ou t'ap fè? Epi medam se ki sa nou panse de mesye dam sa yo?