kisa nap konprann?
Ignorans pèmèt yon moun pale epi voye monte san chèche konnen rezon ak rayalite ki souvan kache dèyè yon dosye. Mwen toujou vle envite tout sitwayen ki onèt ak tèt yo, konsyans yo, pou reflechi anvan yo pale sou sa yo tande ak wè ki pa janm vle di konprann.
Mwen envite nou reflechi sou koze moun yo di ki nan lari anba tant yo apre swadizan tranbleman de tè 12 Janvye yo. Kisa nou dwe konprann anvan nou fè yon bann kòmantè sou pawòl sa ? Se vre gen moun anba tant men ki kategori moun yo ye ?
1- Pa janm bliye depi anvan 12 Janvye te gen yon bann Ayisyen ki pat janm gen kote pou yo rete. 2- Pa janm bliye te toujou gen moun kap dòmi lakay lòt moun, se sa nou rele fè ladesann lakay moun nan. 3- Te tojou gen timoun ki te toujou nan lari e ki grandi nan menm lari sa a. 4- Te joujou gen sila yo ki tap peye yon ti pyès kay nan yon ghetto chaje ak mizè ki pat menm ka peye kote sa menm.
Nap kanpe ak kat kategori sa yo toujou. An nou mande tèt nou si moun sa yo oubyen sitiyasyon sa a se depi anvan 12 Janvye li ekziste, oubyen si apre 12 Janvye kategori moun sa yo pat la ankò.
Si nou vle serye ak tèt nou, n'ap konprann byen vit ke se moun sa yo ki nan lari a anba tant yo. 12 Janvye a vin legalize koze a nan bayo tant, rasanble yon kote kòmkwa se viktim tranbleman de tè selman yo ye.
An nou pran chak kategori sa yo pou mete yo nan yon kontèks pou konprann pi byen :
1) Yon moun ki pat gen kote pou rete, 12 janvye rive, anmwey moun pa dòmi nan kay, li deja pa tap dòmi nan kay, ebyen li la. Yon ONG pote yon tant ba li kote li ye a, li tou jwenn yon bagay li pat gen deja kise yon kay menm lè se an plastic.
2) Yon moun kap dòmi kay moun, li pa alèz, li pa ka rantre lè li vle, li limite nan jès ak aksyon li. 12 janvye li jwenn yon tant, li kite kay sa a epi li ale viv anba tant legalman.
3) Timoun ki nan lari yo ki dòmi anba galeri yo, sa ki gen 9 an, 15, 17, ak lot ki gen plis laj ki gentan gen matirite lari a, li jwenn yon tant, yon kote, li tou la.
4) Yon moun kap peye yon pyès kay, li jwenn yon tant menm gwosè ak pyès kay la, li bwote al rete anba tant li byen vag. Lajan lwaye a ka regle lòt kichòy pou li.
Si nou vle, mwen ka moutre nou lòt kategori toujou, tankou si nou vle gade eta site solèy ak lòt ghetto yo, kote ki plen mayengwen, rigòl dlo sal, fatra ap nwi santé moun yo. Moun say yo jwen yon tant ki pwòp, nan yon kote ki pa sal, epi menm lè se pa chak jou men gen ONG ki visite li, bali kichòy paske li viktim tranbleman de tè.
Nou ka pale de yon lòt kategori ankò ki posede yon pyès kay, li lwe kay la paske kay vin chè, pa gen anpil menmjan nan zòn nan. Li al rete anba tant, li regle kèk pwoblèm ak kòb lwaye a.
Nou ka konsidere ka tou, kèk jenn gason ki jwenn yon tant, yo mete li nan kan yo pou kouche jenn ti fanm anfòm kap bay piyay. Kay yo pat gen anyen…
Kounye a ann pale de jesyon kan yo pou konprann lot reyalite toujou : Se vre ONG yo gen anpil kòb nan men yo, yo fè kèk aksyon men ki manke analiz ak konpreyansyon nan milye Ayisyen an. Gen anpil ladan yo ki travay ak volonte, men mantalite Ayisyen an pa janm pèmèt li konprann anyen nan anyen.
Si ou nan kan yo, yo ba ou manje, se pa pwoblèm manje sèlman ou genyen, ou bezwen dlo, latrin, douch, kote pou jete fatra, konsiltasyon medikal. Eske nou evalye kisa tout sèvis sa yo koute ?.
Nou pa ka mande yon ONG kap bay manje pou bay latrin, sa kap bay latrin nan pou ranmase fatra, sa kap ramase fatra a pou bay dlo eksetera. Konsa tou, nou pa ka mande yo pou rezoud tout pwoblèm sosyal yon pèp kap viv nan yon peyi ak tout pwoblèm sa yo.
Yon èd pa ka etènèl, li gen limit li pa rapò ak konjonkti a epi mwayen ki dispoze. Yon moun ki kite peyi li pou vin ede w, pa di m se nan labou santi a pou li ta dòmi menmjan avek ou pou ou santi lap ede w vre. Se nòmal ke òganizasyon ki voye l la peye yon kote ki desan pou li desann, sinon pa gen pèsonn ki tap vini vre kòm volontè. Mwen pa di ke pa gen anpil gaspiyaj ki fèt nan ONG yo, men jan anpil moun vle bay enfòmasyon yo manke limyè.
Konsa menmjan gen moun ki viktim vre ki anba tant nan kan yo ki pèdi anpil bagay ak fanmi yo. Yap bezwen yon ti tan pou rekipere yo. Tout ayisyen pa dakò viv nan nenpòt kondisyon, se sa kifè majorite vrè viktim yo kite kan yo, genyen ki konstwi kay an tòl nan plasman kote yo te ye anvan, genyen ki ale viv lakay yon fanmi, yon zanmi, oubyen kay paran ki nan pwovens yo.
Majorite sa ki nan kan yo se ayisyen ki podyab ap pwofite de yon woulib peyen lage yon sistèm. Gen anpil moun nan sosyete sivil la ak nan leta a ki byen kontan yo la pou pwofite mande lajan sou do yo nan ti pwojè rans. Rete anba tant la, ekpoze mizè peyi a ranje koze anpil. Mwen kite nou pou reflechi sou sa, konprann byen kontèks bagay yo ap dewoule ak yon lespri objektif.
A découvrir aussi
- Martelly discute ce Mercredi avec l'Ex Président Aristide à Tabarre
- La Réconciliation Nationale commence?
- Martelly reçu par Alexandre Boniface ce Vendredi
Inscrivez-vous au blog
Soyez prévenu par email des prochaines mises à jour
Rejoignez les 199 autres membres