haitinews.blog4ever.com

Une autre Haiti est elle vraiment possible?

Ki mounn ki responsab?

Yon peyi ki san lwa se yon jaden ki pa gen antouraj. Tout moun fè sa yo vle. Yo antre nan peyi a, vin fè milyon sou do pèp la ak dyaspora k'ap sipòte moun lakay li. N'ap travay di nan peyi etranje pou nou si pòte moun lakay. Medya an Ayiti, pap fè travay yo, ou byen nèg yo ap travay pou kontra reklam nan men gro konpayi. Tout bagay yo la devan je yo, yo pa janm di anyen.

Gen plizyè gro Konpayi etranje k'ap fè biznis an Ayiti. Yo gen yon polisi pou kote ki gen lwa, eyonn pou savann Ayiti.Vann dlo, kola, ji, eksetera se gro biznins. Tout bagay sa yo vann nan sachè, ou byen boutèy plastik. Moun yo bwè yo lage yo nan lari a. Pagen poubèl pou yo mete yo.

Jodiya se yon malè ki pandye nan yon ti fil k'ap konte jou pou rive. Boutèy plastik sa yo, sachè dlo sa yo paka fonn. Lè lapli tonbe, dlo pran yo lage nan kannal, tou ego. Yo melanje ak fatra bouche tout kote pou dlo pase. Nan tout vil an Ayiti se menm repetisyon, tou ego bouche, kanal bouche ak boutèy plastik. Yon ti lapli tonbe li fè gro dlo nan lari, ki ka menm pran moun. Lè boutèy plastik la tonbe nan lanmè ak tout fatra sa yo, boutèy plastik, sachè dlo al blayi sou plaj peyi an, san konte plizyè lòt kote.

Kote senatè, depite, minist, prezidan ki la pou fè lwa pou proteje anvironman. Sa pa enpòtan pou yo, yo ap fè lajan. Chanèl televizyon, radio, website,jounal, tout sa la anba je yo, yo pa ni televize, ni di yo, paske yo bezwen gro konpayi sa a, pou bayo fè reklam.

Se ki moun ki responsab pou byen nèt pèp lan. Pou demen si dye vle, dlo pa pran frè nou, ak sè nou yo. Paske se nou menm kap pè di yo, pandan moun ki responsab yo ap kontinye fè gro lajan yo, pou voy nan peyi etranje.

Li lè li tan pou nou tout Ayisyen travay pou yon bi komen. Konpayi sa yo kap vann prodwi nan boutèy plastik, ou byen nan sachè dwe kòmanse kreye kote pou moun depoze fatra sa yo. Minist ki responsab pou sa dwe di moun pou pa lage fatra sa yo nan lari a, ni nan kannal yo. Li lè li tan pou moun ki responsab kòmanse fè travay yo.



21/11/2010
0 Poster un commentaire

A découvrir aussi


Inscrivez-vous au blog

Soyez prévenu par email des prochaines mises à jour

Rejoignez les 199 autres membres