haitinews.blog4ever.com

Une autre Haiti est elle vraiment possible?

Respekte fanm

anm chak jou ou merite souri chak fanm merite wè paradi avan'l mouri lè'w gen yonn nan menw pa fè'l soufri si'w gon manman menm jan avè'm, nigga fèl pou li tout fanm se fanm pa gen fanm pase fanm ou dwe respekte tout fanm klè , nwa , bèl ou lèd Mens , Sexy , gro , ou mèg Tout se princess nan zye'm, m pa janm trete yo tankou rès manje milatrès, tèt kròt , kit li filozof, li mèt sot tout fanm se fanm, pa gen fanm pase fanm men se vre gen sa ki B** ki pa respekte tèt yo yo pa konn sa yo vo, yo bay tout nèg jwe nan jwèt yo meda'm pran men nou, fraz sa pat dwe nan kouple a nèg kap fè fanm abi yo, sonje se yonn ki mete'n sou tè a ou menm kap koute mizik sa, si'w sexy, jere sexy'w men si'w gro prensès pa al fè reji'm pou retresi'w ret jan'w ye a, sonje konsekans ak domaj yo, wap jwenn nèg ki renmenw lan kan menm, chak pen gen fromaj yo fanm chak jou ou merite souri chak fanm merite wè paradi avan'l mouri lè'w gen yonn nan men'w pa fè'l soufri siw gon manman menm jan avè'm, nigga fèl pou li tout fanm se fanm pa gen fanm pase fanm ou dwe respekte tout fanm fanm se kajou pa mal pou repare menm s'il gen 70 ans, li pa mal pou repare Beken te diw li deja, jodi a map repete'w li siw pa gen CD a tchèk anmwey lap pretew li m pat ka pa ecri tex sa, se youn ki te potem 9 mwa e'm konnen tranche pa dous, tankou moun ki gen 9 lwa si on jou ou ta vle ensilte'l, sou djol ou fè 9 kwa paske tonè kraze'm, pou li m ka fout ou 9.. bwa fanm chak fwa'w tonbe, releves toi! si'w pa renmen on nèg, pa janm obeyi lè'l di'w, baisses toi! pa bliye'w se kajou, pou ou toujou gen espwa on panse pou sak oblije vann ko yo le swa se fanm ki bay lavi se gras a yonn si'm la jodi a e m ravi se sa sèlman m ka di si on jou on nèg vle kite'w, sè kel pat pou ou, pa regrèt li pran radio'w, bal tout volim e met refren an fo nan tèt li e dil .. fanm chak jou ou merite souri chak fanm merite wè paradi avanl mouri lèw gen youn nan menw pa fèl soufri siw gon manman menm jan avèm nigga fèl pou li tout fanm se fanm pa gen fanm pase fanm ou dwe respecte tout fanm..



18/11/2010
0 Poster un commentaire

A découvrir aussi


Inscrivez-vous au blog

Soyez prévenu par email des prochaines mises à jour

Rejoignez les 199 autres membres