haitinews.blog4ever.com

Une autre Haiti est elle vraiment possible?

Kisa nou dwe konprann?

on koze ki ta dwe vle di anpil pou nasyon Ayisyèn nan, men ki podyad prèske pèdi valè li ak sans li dwe genyen nan nannan memwa yon pèp. Si nap konsidere rezon ak konjonkti ki te dèyè lide revolisyon sa a, nou ta di pa gen twòp diferans ak mizè pèp la ap pase jouk jodi. Men kijan fè nou te rive met ansanm pou fè Vètyè, nou pa janm ka rive met ansanm pou fè lot ?.

Mwen rete kwè se paske mizè youn pa mizè yon lòt, traka ak tribilasyon youn pa pou lòt, se diferans lan.

Ann ale pi lwen ak refleksyon nou :

1- Lè zansèt yo te konprann rezon tèt kole pou chavire blan yo, èske se pou selman soti nan chenn nan, oubyen konstwi yon nasyon ?.

2- Eske se te lide kèk nèg ki te bezwen kwape blan pou vin ranplase yo epi jwi privilèj ke yo tap jwi ?

si nap reflechi sou de pwen sa yo sèlman nap rive konprann anpil bagay epi konprann pi byen rezon kifè lendepandans la pase nan rans.

Se pa yon mank respè pou zansèt yo si m di yo pat gen yon ideyoloji dèyè lit la. Rezilta yo pwouve sa.

Ideyoloji vle di deja rezon fondamantal ki charye yon lide yon lit. Li marye ak kesyon sa yo : ki bi, ki enterè, ki deviz, ki makònen l. E si nou vle menm konsidere kèk tèm ak slogan listwa nap konprann lespri yo pap vin anime ak volonte pou rive yon kote vre.

1- grenadye alaso sa ki mouri zafè a yo

2- koupe tèt boule kay

pou kisa yo pat di (grenadye alaso sa ki mouri nap vanje yo) ? pou kisa yo pat di (mete chenn nan pye blan, sezi kay yo) ?

mwen panse sa ta plis moutre yo te vle konstwi yon bagay vre, ou pa ka di zafè yon nèg ki pral mouri pou menm koz ak ou, se deja montre yon mank respè pou sakrifis lap fè de lavi li pou lit la.

Blan te redwi w nan esklavaj, mwen panse li tap pi itil si w te foure menm chenn nan nan pye blan an, epi fè li travay pou pwodwi bay, fè l rann sa li konn manje ki te depann de kouraj nou.

Pouki pou boule kay yon blan ou fin kwape sou yon teritwa ? non, sezi kay yo bay esklav lib yo pou jwenn kote pou yo rete, fè lokòl, kazèn, ak lot bagay ki tap itil a devlopman nouvo nasyon an.

Nou te ka menm imajine sezi bato yo, ranpli yo ak neg lib, pran wout tounen lafrik. Non nou te pito separe peyi, jeneral, kolonèl, kapitèn, majò, lyetnan, rèv ofisye ki sanble ak blan se sa ki te plis nan tèt nèg yo.

Kounye a yo chèf, yo se kòmandè, ti esklav ki tap goumen yo kisa yo te jwenn? Yo oblije al kache lwen nan mòn, yo peple, se sa ki banou koze ti peyizan malere andeyò ki pa janm konnen lavi miyò jouk jodi a. Alòske nouvo kolon nwa yo ki dezòmè ranplase kolon blan yo nan pòtoprens ak lòt vil yap jwi rezilta liberasyon an poukont yo. Youn ap veye lòt, paske kounye a gen enterè ki kòmanse pa menm, kapitèn nan pa fin dakò ak jeneral la ki pran pou li sèl 80 kawo tè ki gen bannann, 70 kawo tè ki gen kann, 50 kawo ki gen endigo. Youn kòmanse ap trayi epi touye lòt.

Kategori esklav kap jwi sa a, kilès yo te ye avan :

Se te yon seri esklav yo rele esklav mezon, yo te gen plis privilèj ke esklav ki nan chan yo. Yo te jeran lakou kay blan, yo tap viv pi pre blan an, yo wè konpòtman mèt, chak jou yo viv eksperyans mèt la, yo gen yon rèv ki se sanble ak mèt la. Gade byen kijan yo te konn abiye nap konprann pi byen.

Po nèg yo te nwa, men lespri yo te blan.

Map kite nou la ak refleksyon sila, nou te ka di plis, men lap pi bon si m kite espas pou ou pouse refleksyon pa ou, konsa ou ka rive konprann pi byen kèk eleman twoublan ki jounen jodi pa depaman ak yè. Si yè te pase konsa, jodi a se devwa pa nou pou n pote koreksyon nan lide pou korije pase nou, konsa sila yo kap vini ranplase nou pa pote menm jijman an pou jenerasyon pa nou an.

Si je nou kale se pa pou wè, si wè pa ede nou konprann, nou pa menm gen rezon gen je.

Malgre tout sa nou ka repwoche pase a, men jodi a rekòde nou pou aji ak plis limyè, plis konpreyansyon, plis entelijans,plis sajès. Sajès ki oblije nou koube nou byen ba pou salye kouraj sila yo ki te tonbe pou bannou peyi sa a.

Bonfèt Vètyè ak tout Ayisyen kap viv nan kat kwen mond la…



18/11/2010
0 Poster un commentaire

A découvrir aussi


Inscrivez-vous au blog

Soyez prévenu par email des prochaines mises à jour

Rejoignez les 199 autres membres