Poukisa yon "Gouvernement"?
N'ap viv nan yon tan kote chak koukouy ap klere pou je yo. Pa gen moun k'ap travay pou Ayiti. Jèn yo fatige. Pèp la ap viv nan yon tan kote jodi-a ap pi bon ke demen. Lavi miyò se pou ti ròch ki nan diri, paske li gen espwa yon jou la goute grès.
Yon pakèt enkonpetan rele tèt yo politisyen. Chack jou yo monte gro machin yo ke gouvènman ba yo gratis, pou poudre ti pèp la ak pousyè, mouye yo ak dlo sal. Y'ap travay pou plen pòch yo. Sèl sa yo pwòp se ouvè gagann yo byen fò, san yo pap di anyen ki serye.
Yon pakèt fo lidè, ki san vizyon pou peyia. Tout bagay se etranje ki pou vin fè'l pou yo. Ayiti antere anba fatra, kanal bouche, dlo santi anpeche moun respire. Gouvènman ap travay pou Ayiti vin pi mal. Se politik y'ap fè, san sa a, etranje pap konsidere Ayiti kòm peyi ki pi pòv. Yo rete kwè "Etranje" pap bay yo kantite lajan pou yo bay la si peyi a vi'n bèl.
Depi kilè malpròpte te konn ba moun sante? Kot sa yo paka fè la a. Ranmase fatra, netwaye kanal, bouche tou ki nan rout yo, bay ti malere k'ap vann nan lari a on kote pou yo vann machandiz yo, retire vye machin ki bloke lari a, mete ansèy nan rout yo, eksetera... Koman pou pèp la fè viv san oken maladi, dlo sal ak fatra melanje ansanm egal a mikrob, tifoyid, malarya. Moun nan ap vann vyann, epi on kouro'n mouch poze sou vyann lap vann nan. Si lapli tonbe, ti rigòl dlo ke on timoun te dwe ka janbe alèz ap fè ravaj jiskaske l nan touye moun. Ki vrè wòl on lidè? Gen sa ki vle prezidan, gen sa ki vle senatè, gen sa ki vle depite, gen sa ki vle majistra, gen sa ki vle direktè, etc... Depi yon nèg rive prezidan, li vini ak pati politik pa'l, pou li ka monopolize peyi a. Eske se sa yo rele domokrasi a?
Gouvèman apre gouvènman se toujou menm tenten an. Moun yo fè yon site bidonvil devan palè Nasyonal la, nèg yo pap fè anyen pou retire moun yo la a. Yo ap tann etranje pou fè. Tout sa se politik yo, tout tan moun yo rete la se plis lajan yo ap fè. Pandan se tan, moun yo ap soufri, chalè ap pete kannkès yo.
A découvrir aussi
- La résidence un Probleme ou pas pour Conille?
- Conille sautera t-il cette étape cette Semaine au Sénat?
- Laurent Lamothe a été installé officiellement, Premier Ministre
Inscrivez-vous au blog
Soyez prévenu par email des prochaines mises à jour
Rejoignez les 199 autres membres